Nations Bible

Psalms 14

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. 2Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. 3Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo. 4Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen! 5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo. 6Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo. 7Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Human Corruption and the Hope of Zion

  • Psalm 14 depicts the practical denial of God as leading to widespread corruption and the mistreatment of the oppressed, while affirming that God remains a refuge for the righteous.Sources: the Bible text itself
  • In the final verse, deliverance is anticipated from Zion, the south-eastern hill of Jerusalem where King David established his citadel and royal city.Sources: Zion · the Bible text itself
  • The parallel mention of Jacob and Israel refers to the patriarch Jacob, the second-born twin of Isaac who was also named Israel, and whose names came to represent the entire nation.Sources: Jacob (Israel) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.