Nations Bible

Psalms 138

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou! 2M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a. 3Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj. 4Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou. 5Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen! 6Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo. 7Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou. 8W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Song of Thanksgiving and Universal Praise

  • The psalm opens with the singer offering praise with a whole heart in the presence of the gods, proclaiming God's faithfulness and loving devotion over against all other powers.Sources: the Bible text itself
  • The psalmist describes bowing toward God's holy temple to give thanks, linking personal deliverance in times of distress to the enduring nature of divine mercy.Sources: the Bible text itself
  • The text looks beyond Israel to envision all the kings of the earth giving thanks and singing of the ways and glory of the Lord after hearing His words.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.