Psalms 136
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 2Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 3Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 4Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 5Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 6L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou: 7Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 8Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 9Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 10Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 11Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 12Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 13Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 14Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 15Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 16Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 17Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 18Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 19Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 20Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 21Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 22Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 23Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 24Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 25Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 26Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Did you know?
A Litany of Enduring Love
- Psalm 136 is structured as a litany where every single verse concludes with the antiphonal refrain affirming that God's loving devotion endures forever. The psalm systematically moves from the wonders of creation, such as the heavenly lights, to the major milestones of Israel's deliverance.Sources: the Bible text itself
- The psalm specifically commemorates the defeat of Sihon king of the Amorites and Og king of Bashan. These rulers controlled territory east of the Jordan River and attempted to block Israel's journey, but their defeat allowed their fertile lands to be given as a heritage to the tribes of Israel.Sources: the Bible text itself · Sihon · Og · Bashan
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org