Psalms 132
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou. 2Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di: 3-Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen, 4mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m', 5toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete. 6Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo. 7Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'. 8Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa. 9Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan. 10Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a. 11Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a. 12Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a. 13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li. 14Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle. 15M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo. 16M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan. 17Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a. 18M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Did you know?
David, the Ark, and Zion
- Ephrathah is the ancient name of Bethlehem in Judah, the region where David spent his youth tending sheep before later seeking out the Ark of the Covenant.Sources: Ephrathah · David · the Bible text itself
- Mount Zion, a southeastern hill of Jerusalem captured by David from the Jebusites to become the City of David, is celebrated in the psalm as God's chosen dwelling place and the seat of David's dynasty.Sources: Zion · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
- Ephrathah · Today: Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 6
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org