Psalms 120
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen. 2Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun. 3Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis? 4Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen? 5Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda. 6Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze! 7Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Did you know?
A Plea for Peace in Exile
- Psalm 120 opens the series of fifteen "songs of ascents", beginning with a personal cry for deliverance from deceitful speech and hostile surroundings.Sources: the Bible text itself
- The psalmist laments living in Meshech and among the tents of Kedar. Meshech was associated with northern peoples near the Black and Caspian Seas, while Kedar referred to nomadic tribes living in black tents in northwestern Arabia; together they symbolize distant, alien lands far from the community of worship.Sources: Meshech · Kedar · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
- Kedar · 29.811, 39.868 · verse 5
- Meshech · Today: about 200 km around Gordion · 39.655, 31.994 · verse 5
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org