Psalms 115
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! 2Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? 3Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle. 4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. 5Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. 6Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. 7Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. 8Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. 9Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 10Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 11Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 12Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo. 13L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran. 14Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. 15Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou! 16Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. 17Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li. 18Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!
Did you know?
Trusting the Living God Over Lifeless Idols
- The psalm sets up a sharp contrast between the God of Israel, who dwells in heaven and does whatever pleases Him, and the idols of surrounding nations, which are manufactured from silver and gold by human hands and lack breath, sight, speech, and motion.Sources: the Bible text itself
- The call to trust the Lord is structured into three groups: the entire nation of Israel, the house of Aaron (the priestly lineage descending from Moses' brother Aaron of the tribe of Levi), and all who fear the Lord, encompassing both small and great.Sources: Aaron · the Bible text itself
- Reflecting an ancient Hebrew perspective, the psalm emphasizes that the realm of the dead is a place of silence where God is no longer praised, making the gift of earthly life the essential time for the living to bless the Lord.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org