Psalms 112
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande! 2Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. 3Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. 4Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri. 5Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis! 6Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'. 7Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a. 8Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo. 9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. 10Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.

Did you know?
The Blessings and Character of the Righteous
- Psalm 112 connects devotion to God with practical generosity and fairness, describing the upright person as one who acts with justice, lends freely, and distributes gifts to the poor.Sources: the Bible text itself
- The psalm portrays the righteous as emotionally and spiritually steadfast, noting that they do not fear bad news because their heart remains firmly anchored in trust in the LORD.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org