Psalms 108
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(0108:1) Se yon chante David. (0108:2) Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen. 2(0108:3) M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve! 3(0108:4) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! 4(0108:5) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. 5(0108:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè! 6(0108:7) Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. 7(0108:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. 8(0108:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye. 9(0108:10) Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan. 10(0108:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? 11(0108:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? 12(0108:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. 13(0108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.

Did you know?
Divine Rule over the Nations
- The psalm lists key territories on both sides of the Jordan River, from Shechem and the Valley of Succoth to Gilead, Manasseh, Ephraim, and Judah. This geographic imagery presents the entire region under divine ownership and governance.Sources: the Bible text itself · Shechem · Valley of Succoth · Gilead
- Neighboring regions mentioned include Moab east of the Dead Sea, the mountainous territory of Edom to the south, and Philistia on the coast. The text uses vivid metaphors, such as tossing a sandal over Edom or calling Moab a washbasin, to assert mastery over these regional rivals.Sources: the Bible text itself · Edom · Moab · Philistia
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 7
- Valley of Succoth · 32.197, 35.621 · verse 7
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 8
- Edom · 30.746, 35.604 · verses 9, 10
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 9
- Philistia · 31.664, 34.546 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org