Proverbs 23
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye. 2Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou. 3Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou. 4Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. 5Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale. 6Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou. 7Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa. 8W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen. 9Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li. 10Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa. 11Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou. 12Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale. 13Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'. 14Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri. 15Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan. 16M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou. 17Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye. 18Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan. 19Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat. 20Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte. 21Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè. 22Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun. 23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa. 24Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan. 25Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan. 26Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv. 27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis. 28Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo. 29Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj? 30Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe. 31Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou. 32Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. 33W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale. 34W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman. 35Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.

Did you know?
Warnings and Guidance for Wise Living
- The chapter urges extreme caution and self-control when dining with rulers or stingy hosts. It warns that lavish hospitality can be deceptive or secretly calculated by someone whose heart is not genuinely generous.Sources: the Bible text itself
- The text explicitly prohibits moving ancient boundary markers or seizing the property of fatherless children. It warns that these vulnerable individuals have a strong Redeemer who will champion their cause against oppressors.Sources: the Bible text itself
- Proverbs 23 provides a vivid depiction of the dangers of excessive drinking, comparing wine to a serpent that bites like a viper. It portrays intoxication through disorientation, hallucinations, numbness to physical injury, and an addictive cycle of seeking another drink.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org