Proverbs 2
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a. 2Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. 3Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. 4Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. 5Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye. 6Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann. 7Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'. 8Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li. 9Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè. 10Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. 11Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou. 12Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou. 13Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa. 14Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè. 15Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan. 16Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou. 17Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye. 18Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a. 19Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò! 20Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi. 21Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la. 22Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L'ap rache moun k'ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.
Did you know?
The Protection and Reward of Wisdom
- The chapter compares the pursuit of understanding to searching for buried treasure and mining for silver, emphasizing that acquiring wisdom requires deliberate effort, listening, and earnest seeking.Sources: the Bible text itself
- Wisdom and discretion are presented as protective guardians that shield a person from two specific dangers: corrupt men who walk in darkness, and the unfaithful woman who forsakes the covenant of her youth.Sources: the Bible text itself
- The poem concludes with a covenantal contrast concerning the land, stating that the upright will dwell securely in it while the wicked and unfaithful will be uprooted.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org