Proverbs 16
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye. 2Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo. 3Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè. 4Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'. 5Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa. 6Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal. 7Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'. 8Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal. 9Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a. 10Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman. 11Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès. 12Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun. 13Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti. 14Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan. 15Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan. 16Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan. 17Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal. 18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri. 19Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò. 20Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a! 21Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans. 22Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt. 23Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz. 24Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou. 25Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò. 26Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch. 27Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife. 28Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado. 29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon. 30Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou. 31Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan. 32Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil. 33Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.

Did you know?
Divine Guidance and Daily Wisdom
- Proverbs 16 highlights the contrast between human intentions and divine direction, noting that while people plan their paths and cast lots, the final decision belongs to the Lord.Sources: the Bible text itself
- The chapter links fair commerce with righteousness, stating that honest balances, scales, and the standard weights kept in a merchant's bag are of direct concern to the Lord.Sources: the Bible text itself
- Wise speech and self-control receive special praise in this collection, comparing pleasant words to a sweet honeycomb and declaring that mastering one's temper is greater than capturing a fortified city.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org