Numbers 34
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a. 3Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a. 4L'a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza ada, l'a rive Achmon, 5l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane. 6Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè. 7Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la. 8Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad. 9N'a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a. 10Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam. 11L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve. 12Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l' al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò. 13Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la. 14Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa. 15Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. 16Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 17-Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, 18avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi. 19Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a. 20Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la. 21Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan. 22Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a. 23Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a, 24ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan. 25Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la. 26Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an. 27Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a. 28Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la. 29Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.

Did you know?
Boundaries and Leaders of the Promised Land
- Numbers 34 outlines the exact geographical boundaries for the land of Canaan, using natural landmarks such as the Salt Sea, the Great Sea (the Mediterranean), a northern Mount Hor, and the Jordan River.Sources: the Bible text itself · Canaan · Great Sea · Mount Hor
- This territorial allotment was designated for nine and a half tribes, because the tribes of Reuben, Gad, and half the tribe of Manasseh had already received their inheritance on the eastern side of the Jordan River.Sources: the Bible text itself · Reuben · Gad
- To oversee the distribution of the land by lot, God designated the high priest Eleazar and Joshua son of Nun, accompanied by one named leader from each of the remaining tribes, including Caleb for Judah.Sources: the Bible text itself · Eleazar · Joshua
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Canaan · 32.767, 35.333 · verses 2, 29
- Edom · 30.746, 35.604 · verse 3
- Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verses 3, 12
- Zin · Today: Zin Desert · 30.971, 35.325 · verse 3
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verses 5, 6, 7
- Shepham · Today: within 100 km of Hermel · 34.397, 36.387 · verses 10, 11
- Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · verse 11
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 12, 15
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 15
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org