Nations Bible

Numbers 27

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf. 2Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di: 3-Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason. 4Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou. 5Moyiz al pale koze a avèk Seyè a. 6Seyè a di l' konsa; 7-Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. 8Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo. 9Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo. 10Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo. 11Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la. 12Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo. 13Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la. 14paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.) 15Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l' konsa: 16-O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la, 17yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo. 18Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li, 19epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li. 20W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'. 21L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo. 22Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la. 23Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Inheritance and the Succession of Leadership

  • When the five daughters of Zelophehad—Mahlah, Noah, Hoglah, Milcah, and Tirzah—appealed for land because their father died leaving no sons, a new legal statute was established allowing daughters to inherit their family's portion.Sources: Zelophehad · the Bible text itself
  • Moses was instructed to view the promised land from the Abarim mountain range before his death, which was foretold because of what occurred at the waters of Meribah in Kadesh, within the Wilderness of Zin.Sources: Abarim · Meribah (of Kadesh) · Kadesh · the Bible text itself
  • To ensure the community would not be left like sheep without a shepherd, Moses publicly laid his hands on Joshua before high priest Eleazar and the congregation, formally commissioning him as his successor.Sources: Joshua · Eleazar · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Abarim · 31.754, 35.715 · verse 12
  • Meribah · Today: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · verse 14
  • Zin · Today: Zin Desert · 30.971, 35.325 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.