Nations Bible

Numbers 24

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a. 2Li leve je l', epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li. 3Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a, 4pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'. 5Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo! 6Yo laji kò yo tankou dlo larivyè k'ap desann. Yo tankou jaden k'ap pouse sou bò larivyè, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sèd k'ap grandi bò kannal dlo. 7Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon. 8Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo. 9Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la! 10Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa. 11Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m' te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout. 12Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo: 13Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di. 14Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo. 15Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a, 16moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'. 17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo. 18Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. 19Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la. 20Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt. 21Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz. 22Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo. 23Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa? 24Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou. 25Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Balaam's Final Oracles

  • Unlike his previous attempts, Balaam did not resort to sorcery before his third oracle, but turned toward the wilderness. When he looked out and saw Israel encamped tribe by tribe, the Spirit of God came upon him to pronounce a blessing rather than a curse.Sources: the Bible text itself · Balaam
  • Balaam's oracles refer to Agag and Amalek, a nomadic tribe dwelling between the Dead Sea and the Red Sea whose rulers bore the name Agag. Although Amalek was described as first among the nations, Balaam foretold its eventual destruction.Sources: the Bible text itself · Agag · Amalek
  • In his final prophecy, Balaam looked to the distant future, foretelling a star coming from Jacob and a scepter from Israel that would crush Moab and take possession of Edom, the rugged mountainous region also called Seir.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel) · Edom · Seir

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 8
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 17
  • Edom · 30.746, 35.604 · verse 18
  • Amalek · 30.648, 34.422 · verses 20, 24
  • Asshur · Today: Assur · 35.457, 43.263 · verses 22, 24
  • Kittim · Today: Cyprus · 35.000, 33.000 · verse 24

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.