Numbers 21
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Wa lavil Arad la, nan rejyon Negèv la, te yon moun peyi Kanaran. Lè li vin tande moun pèp Izrayèl yo t'ap vini sou chemen ki mennen Atarim lan, l' al atake yo. Li fè kèk ladan yo prizonye. 2Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt. 3Seyè a tande sa yo te mande l' la, epi li ede yo, li fè yo mete men sou moun Kanaran yo. Moun pèp Izrayèl yo disparèt tout moun yo ansanm ak tout lavil yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Oma. 4Moun Izrayèl yo pati, yo kite mòn Or la, yo pran wout ki mennen bò Lanmè Wouj la, pou yo pa pase nan peyi Edon an. Men, antan y'ap vwayaje a, pèp la vin dekouraje. 5Pèp la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa: -Poukisa nou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò. 6Lè sa a, Seyè a voye yon bann ti sèpan sou pèp la. Kote sèpan sa yo mòde ou la boule kou dife. Yo mòde pèp la. Anpil moun te mouri. 7Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre. 8Seyè a di Moyiz konsa: -Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l' sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri. 9Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l' sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri. 10Moun pèp Izrayèl yo pati, y' al moute kan yo nan fon Obòt la. 11Apre sa, yo kite fon Obòt, y' al moute kan yo bò mazi Abarim yo nan dezè ki sou bò lès peyi Moab la. 12Apre sa ankò, yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan ravin Zerèd. 13Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a. 14Se poutèt sa, nan liv istwa ki rakonte batay Seyè a, nou jwenn yo pale sou lavil Vayèb, nan peyi Soufa a, ak ravin li yo, sou rivyè Anon 15avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Amoab la nan direksyon fwontyè peyi Moab la. 16Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al yon kote yo rele Beyè. Se la Seyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l': Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo. 17Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a: Pi a bay dlo! Annou chante pou sa! 18Pi chèf yo te fouye Avèk baton kòmandan yo! Pi grannèg yo te fouye Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a! Apre sa, yo kite dezè a, y' al moute kan yo Matana. 19Lè yo kite Matana, y' ale Nakalyèl. Lè yo kite Nakalyèl, yo moute Bannòt. 20Lè yo kite Bannòt, y' ale nan fon ki nan peyi Moab la, jouk sou tèt mòn Pisga, kote y'ap gade tout dezè a nan pye yo. 21Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa: 22-Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la. 23Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo. 24Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade. 25Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinaj li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout. 26Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon. 27Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò! 28Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an. 29Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a. 30Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba. 31Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a. 32Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo. 33Apre sa, moun pèp Izrayèl yo tounen sou wout yo, yo pran chemen ki mennen lavil Bazan. Epi Og, wa lavil Bazan an, leve tout pèp l' a, li vin kontre ak yo pou l' atake yo bò Edreyi. 34Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase. 35Se konsa, moun pèp Izrayèl yo touye Og, ansanm ak pitit gason l' yo ak tout pèp l' a. Yo pa kite yonn chape, yo pran tout peyi a pou yo.

Did you know?
The Bronze Serpent and the March Beyond the Arnon
- When the Israelites grew impatient during their journey around Edom and complained about the lack of food and water, venomous snakes appeared in the camp. Moses was instructed to craft a bronze serpent and mount it on a pole so that anyone bitten could look at it and live.Sources: the Bible text itself
- This chapter cites an otherwise unknown ancient Hebrew text called the Book of the Wars of the LORD to delineate the boundary along the Arnon river, which separated the Moabites from the Amorites.Sources: the Bible text itself · Arnon
- The passage includes an ancient poem mentioning Chemosh, the deity worshipped by the Moabites. The poem recounts how Sihon king of the Amorites had previously conquered Moabite lands from Heshbon down to the Arnon before Israel defeated him in battle.Sources: the Bible text itself · Chemosh · Sihon · Heshbon
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Negeb · 31.245, 34.841 · verse 1
- Edom · 30.746, 35.604 · verse 4
- Way of the Red Sea · Today: road between the Dead Sea and the Gulf of Aqaba · 29.727, 34.998 · verse 4
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 5
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 11, 13, 15, 20, 26, 28, 29
- Valley of Zered · Today: Wadi al Hasa · 31.027, 35.485 · verse 12
- Arnon · Today: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · verses 13, 14, 24, 26, 28
- Waheb · Today: within 50 km of Sufeh · 31.666, 35.817 · verse 14
- Jeshimon · 31.470, 35.223 · verse 20
- King’s Highway · 31.955, 35.934 · verse 22
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 24
- Jabbok · Today: Zarqa River · 32.115, 35.543 · verse 24
- Dibon · Today: Tall Dhiban · 31.502, 35.777 · verse 30
- Medeba · Today: Madaba · 31.716, 35.795 · verse 30
- Bashan · 32.781, 35.935 · verse 33
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org