Numbers 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa. 2Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a. 3Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè. 4Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre. 5Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li. 6Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'. 7Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la. 8Mwen pale avè l' aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l' wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m' lan, mal? 9Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l' ale. 10Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li. 11Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la! 12Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l' manje. 13Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non! 14Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l' ki te krache nan figi l', li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l' pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y'a kite l' tounen. 15Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t' leve pati toutotan yo pa t' kite Miryam tounen nan kan an ankò. 16Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.

Did you know?
Miriam and Aaron Oppose Moses
- The name Hazeroth refers to fenced enclosures, traditionally low stone walls topped with thorny acacia branches to shelter tents and livestock. It was at this encampment that the confrontation over Moses took place before the Israelites moved on to the Wilderness of Paran.Sources: Hazeroth · Paran · the Bible text itself
- Miriam and Aaron were Moses' older siblings and held major leadership roles: Miriam was recognized as a prophetess who led the victory celebration after the Red Sea crossing, and Aaron served alongside Moses from the time of the Exodus.Sources: Miriam · Aaron · the Bible text itself
- The chapter highlights a distinction between standard prophetic revelation, which God gave through visions and dreams, and Moses' unique relationship with God, who spoke with him face to face and plainly rather than in riddles.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Paran · 30.303, 34.777 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org