Nehemiah 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras, 2Amarya, Malouk, Atouch, 3Chekanya, Reyoum, Meremòt, 4Ido, Ginetoyi, Abija, 5Mijamen, Maadya, Bilga, 6Chemaja, Jojarib, Jedaja, 7Salou, Amòk, Ilkija ak Jedaja. Mesye sa yo te chèf prèt yo nan tan Jozye. Ni yo ni prèt yo te soti nan yon sèl fanmi. 8Men non moun Levi yo: Te gen yon premye gwoup ki te reskonsab chante kantik pou di Bondye mèsi. Se te Jozye, Bennwi, Kadmyèl, Cherebya, Jeouda ak Natanya. 9Te gen yon lòt gwoup ki te kanpe anfas yo pou reponn yo lè y'ap chante. Se te Bakboukya, Ouni ak lòt moun Levi menm fanmi ak yo. 10Jozye te papa Jojakim, Jojakim te papa Elyachib, Elyachib te papa Jojada, 11Jojada te papa Jonatan, Jonatan te papa Jadwa. 12Lè Jojakim te granprèt, men moun ki te chèf branch fanmi prèt yo: Meraja, chèf branch fanmi Seraja a, Ananya, chèf branch fanmi Jirimeja a, 13Mechoulam, chèf branch fanmi Esdras la, Jokanan, chèf branch fanmi Amarya a, 14Jonatan, chèf branch fanmi Melikou a, Jozèf, chèf branch fanmi Chebanya a, 15Adna, chèf branch fanmi Arim lan, Elkayi, chèf branch fanmi Merayòt la, 16Zekarya, chèf branch fanmi Ido a, Mechoulam, chèf branch fanmi Gineton an, 17Zikri, chèf branch fanmi Abija a, ...chèf branch fanmi Minyamen, Piltayi, chèf branch fanmi Moadya a, 18Chamwa, chèf branch fanmi Bilga a, Jonatan, chèf branch fanmi Chemaja a, 19Matenayi, chèf branch fanmi Jojarib la, Ouzi, chèf branch fanmi Jedaja a, 20Kalayi, chèf branch fanmi Salou a, Ebè, chèf branch fanmi Amòk la, 21Achabya, chèf branch fanmi Ilkija a, Netaneèl, chèf branch fanmi Jedaja a. 22Pandan tout tan Elyachib, Jodaja, Jokanan ak Jadwa te pase granprèt, yonn apre lòt, yo te enskri non chèf tout fanmi prèt yo ak non moun Levi yo nan gwo rejis ofisyèl tanp lan. Yo te kenbe rejis sa a jouk sou rèy wa Dariyis ki t'ap gouvènen peyi Pès la. 23Pou branch fanmi Levi yo, yo te enskri nou chèf fanmi yo tou nan gwo rejis ofisyèl la, men lè yo rive sou tan Jokanan, pitit pitit Elyachib la, yo sispann fè sa. 24Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a. 25Men non moun ki t'ap sèvi tankou gad pòtay tanp lan: Se te Matanya, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub. Yo te reskonsab veye depo magazen ki te bò pòtay tanp lan. 26Moun sa yo t'ap viv nan tan Jojakim, pitit Jozye, pitit pitit Josadak la, te granprèt la, nan tan Neemi t'ap gouvènen an ak nan tan Esdras, prèt ki te direktè lalwa a, tou. 27Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo. 28Se konsa mizisyen sanba yo, moun branch nan fanmi Levi yo, soti nan tout zòn ki bò lavil Jerizalèm, nan ti bouk ki bò Netofa yo, yo sanble. 29Genyen tou ki te soti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan. 30Prèt yo ak moun Levi yo fè sèvis pou mete tèt yo, pèp la, pòtay yo ak miray ranpa a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 31Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a. 32Ozaya t'ap mache dèyè yo ak mwatye nan chèf peyi Jida yo. 33Dèyè yo t'ap mache Azarya, Esdras, Mechoulam, 34Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja. 35Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t'ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf. 36Zekarya t'ap mache avèk lòt moun menm fanmi avè l' yo. Se te Chemaja, Azareèl, Milalayi, Gilalayi, Maayi, Netaneèl, Jeouda ak Anani. Yo tout yo te gen nan men yo tout kalite enstriman mizik wa David, sèvitè Bondye a, te konn jwe. Se Esdras, direktè lalwa a, ki t'ap mache devan premye gwoup sa a. 37Lè yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve. 38Lòt gwoup la menm al sou bò gòch, sou tèt miray la: Mwen t'ap mache dèyè yo ansanm ak lòt mwatye moun yo. Nou pase bò gwo Fò Fou yo jouk nou rive sou gwo miray laj la. 39Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan. 40Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo, 41ansanm ak prèt ki t'ap kònen twonpèt yo: Elyakim, Maaseja, Menjamen, Mika, Elioenayi, Zekarya, Ananya, avèk twonpèt yo nan men yo, 42ansanm avèk moun k'ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t'ap mennen chante a. 43Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan. 44Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè. 45Paske, yo t'ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t'ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo tou, tout moun t'ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay. 46Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l' mèsi. 47Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.

Did you know?
Dedication of the Wall and Priestly Registers
- For the dedication of Jerusalem's rebuilt wall, Levites and singers were brought from surrounding settlements where they had built villages, including Beth-gilgal and the fields of Geba and Azmaveth. Musical worship was organized in alternating groups using instruments patterned after the instructions of King David.Sources: the Bible text itself · Beth-gilgal · Geba · Azmaveth
- The dedication ceremony featured two large thanksgiving choirs marching directly along the top of the newly repaired city walls in opposite directions. One procession was led by Ezra the scribe toward the Dung Gate, while Nehemiah followed the second group, until both choirs met at the house of God.Sources: the Bible text itself · Dung Gate · Gate of the Fountain
- The chapter preserves ancestral records of priests and Levites spanning from the first return under Zerubbabel and the high priest Jeshua through several generations into the Persian period. These records documented the lineage of high priests and family heads responsible for temple services and gatekeeping.Sources: the Bible text itself · Zerubbabel · Joshua · Eliashib
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 27, 28, 29, 43
- Dung Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 31
- City of David · 31.774, 35.236 · verse 37
- Fountain Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 37
- Water Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 37
- Broad Wall · 31.776, 35.232 · verse 38
- Tower of the Ovens · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 38
- Ephraim Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
- Fish Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
- Gate of the Guard · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
- Gate of Yeshanah · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
- Sheep Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 39
- Tower of Hananel · Today: Antonia Fortress · 31.780, 35.234 · verse 39
- Tower of the Hundred · Today: within 500 m of the Antonia Fortress · 31.780, 35.234 · verse 39
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org