Nations Bible

Nahum 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou! 2Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l' la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo. 3Vanyan sòlda l' yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo. 4Cha lagè yo ap vini ak gwo vitès nan plenn yo. Yo kouri ale sou plas piblik yo. Yo klere tankou bwa chandèl tou limen. Y'ap pase kouri tankou zèklè. 5Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y' al defonse pòtay yo. 6Pòtay ki bay sou larivyè a louvri granbatan. Tout moun nan palè a gen kè kase. 7Yo fè larenn lan prizonye. Yo pati avè l'. Sèvant li yo ap plenn, y'ap kriye. Y'ap bat lestonmak yo sitèlman yo nan lapenn. 8Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen. 9Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè. 10Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze. 11Koulye a, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pesonn pa ka fè yo anyen an? 12Lyon an te konn dechire vyann bèt yo pou pitit li yo, li te konn trangle bèt pou fenmèl lyon yo. Lè konsa yo plen twou yo ak bèt yo pran, yo plen nich yo ak moso vyann dechikete. 13Koulye a, se mwen menm k'ap regle ak nou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Moun pral boule tout cha lagè nou yo nan dife. Nan lagè a, m'ap fè yo touye tout jenn ti lyon nou yo. M'ap rache nan men nou tou sa nou te pran lakay lòt yo. Yo p'ap janm tande vwa delege nou yo ankò nan okenn peyi sou latè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Fall of Nineveh

  • Nineveh was the great and flourishing capital of the Assyrian empire, and the book of Nahum is almost exclusively occupied with prophecies foretelling its ruin and complete desolation.Sources: Nineveh · the Bible text itself
  • The prophet depicts the siege with vivid tactical imagery, describing attacking warriors dressed in scarlet with flashing chariots, and the breach of the river gates that causes the palace to collapse.Sources: the Bible text itself
  • Nahum taunts the imperial city by comparing it to a den of lions that once preyed upon surrounding nations, announcing that its lairs of plunder will be completely emptied and destroyed.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Nineveh · 36.359, 43.153 · verses 1, 5, 7, 8, 9, 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.