Nations Bible

Mark 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Kèk jou apre sa, Jezi tounen Kapènawòm. Yo tande li te lakay li. 2Te sitèlman gen moun ki te sanble, pa t' gen plas ankò, pa menm devan pòt kay la. Jezi menm t'ap anonse yo pawòl la. 3Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi. 4Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t' ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a. 5Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen. 6Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo: 7-Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman. 8Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou? 9Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache? 10Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a: 11-Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou. 12Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wè bagay konsa. 13Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay. 14Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi. 15Pita, Jezi t'ap manje lakay Levi. Te gen anpil lòt pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki t'ap swiv Jezi. Tout moun sa yo te chita bò tab avè l' ansanm ak disip li yo. 16Kèk direktè lalwa ki te fè pati bann farizyen yo wè Jezi ap manje ak pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo. Yo mande disip li yo: -Poukisa l'ap manje ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo? 17Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo. 18Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn? 19Jezi reponn yo: -Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje. 20Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn. 21Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Si ou fè sa, moso nèf la va pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la chire pi mal. 22Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso an po. Si ou fè sa, diven an va pete vye veso yo, epi w'ap pèdi ni diven an ni veso yo. Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou. 23Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Antan disip li yo t'ap mache konsa avè l', yo pran keyi kèk grap ble. 24Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a? 25Jezi reponn yo: -Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l' yo ki te grangou? 26Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l' yo manje tou. 27Jezi di yo ankò: -Jou repo a te fèt pou moun; se pa moun ki te fèt pou jou repo a. 28Konsa tou, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Forgiveness, a Tax Collector, and the Sabbath

  • Capernaum, “Nahum’s town,” was a Galilean city not mentioned in the Old Testament. Easton's Bible Dictionary (1897) says that after Jesus was expelled from Nazareth it became his “own city,” which fits Mark’s report that people heard he was home and packed the house until there was no room even outside the door. Four men then uncovered the roof, made an opening, and lowered a paralyzed man on his mat.Sources: Capernaum · the Bible text itself
  • The man at the tax booth was Levi, son of Alphaeus, a tax collector in Capernaum. Easton's Bible Dictionary (1897) says he had been known as Levi and took the name Matthew—a common Jewish name after the Exile, meaning “gift of God”—possibly in grateful memory of his call. The same day, it says, he gave a great farewell feast for Jesus and his disciples, and probably for many former associates, the gathering Mark describes with tax collectors and sinners.Sources: Matthew · Alphaeus · the Bible text itself
  • Challenged because his disciples picked heads of grain on the Sabbath, Jesus spoke of David entering the house of God and eating the consecrated bread, lawful only for the priests, “during the high priesthood of Abiathar,” and sharing it with his hungry companions. Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Abiathar as the son of the high priest Ahimelech, who escaped when his father and the priests of Nob were killed, carried away the ephod, and joined David in the cave of Adullam.Sources: Abiathar · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.