Nations Bible

Mark 13

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Antan Jezi t'ap soti nan tanp lan, yonn nan disip li yo di l' konsa: -Mèt, gade. Ala de bèl wòch! Ala yon gwo batisman! 2Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè. 3Jezi te chita sou mòn Oliv la, vizaviz ak tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a: 4-Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive? 5Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. 6Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun. 7Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. 8Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. 9Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo. 10Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo. 11Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou. 12Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo. 13Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove. 14Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn. 15Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo. 16Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo. 17Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo. 18Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi. 19Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò. 20Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo. 21Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li. 22Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. 23Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans. 24Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè. 25Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble. 26Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay. 27m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la. 28Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou. 29Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. 30Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive. 31Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. 32Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. 33Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive. 34Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi. 35Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten. 36Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi. 37Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The fall of the temple and the call to watch

  • As Jesus left the temple, a disciple pointed to its magnificent stones and buildings, and Jesus said that not one stone would be left on another; every one would be thrown down. He was sitting on the Mount of Olives opposite the temple. The Mount of Olives is a ridge east of Jerusalem, named for the olive trees clothing its sides and separated from the city by the Kidron valley.Sources: the Bible text itself · Mount of Olives
  • Peter, James, John, and Andrew asked Jesus privately when the great buildings would be thrown down and what sign would show that this was about to be fulfilled. Andrew was Peter’s younger brother; both were fishermen from Bethsaida. James, the elder brother of John and a son of Zebedee and Salome, was a fisherman in partnership with Peter.Sources: the Bible text itself · Simon Peter · Andrew · James (Son of Zebedee)
  • Jesus said that when the abomination of desolation was seen standing where it should not be, those in Judea should flee to the mountains: no one on the housetop should go back inside for anything, and no one in the field should return for a cloak. In the time of Christ, Judea was the southernmost of the three divisions of Palestine, distinguished from Galilee and Samaria; under the Romans it was part of the province of Syria and included the territories of Judah, Benjamin, Dan, Simeon, and part of Ephraim.Sources: the Bible text itself · Judea

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · verse 3
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.