Nations Bible

Matthew 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Pa jije moun pou Bondye pa jije nou, 2paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou. 3Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la? 4Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m' wete ti pay ki nan je ou la? 5Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la. 6Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou. 7Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. 8Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y'a louvri pou moun ki frape. 9Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l' yon pen? 10Eske la ba li yon koulèv si pitit li mande l' yon pwason? 11Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li. 12Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè. 13Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li. 14Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li. 15Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye. 16n'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt. 17Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn. 18Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn. 19Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. 20Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè. 21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. 22Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak. 23Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal. 24Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. 25Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch. 26Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab. 27Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale. 28Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. 29Se pa t' menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Judgment, the narrow way, and a firm foundation

  • The event record dates the start of the Sermon on the Mount to AD 28 and its duration to one day. This chapter ends as the crowds are astonished at Jesus’ teaching, because he taught as one who had authority, and not as their scribes.Sources: Sermon on the Mount · the Bible text itself
  • Jesus warns that the judgment a person pronounces, and the measure that person uses, will be turned back on them. He pictures someone who notices a speck in a brother’s eye yet misses a beam in their own, and he says the beam must be removed first.Sources: the Bible text itself
  • The chapter calls doing to others as you would have them do to you the essence of the Law and the Prophets. It contrasts a wide gate and broad way that leads to destruction, which many enter, with a small gate and narrow way that leads to life, which few find, and it compares hearing these words and acting on them to a house built on rock rather than on sand.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.