Matthew 17
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. 2Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. 3Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi. 4Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. 5Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li. 6Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè. 7Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: Leve non, nou pa bezwen pè. 8Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li. 9Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan nan lanmò. 10Twa disip yo poze l' keksyon sa a: Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan? 11Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l' vin anvan, pou l' mete tout bagay nan lòd. 12Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pa t' rekonèt li, yo fè l' tou sa yo te vle. Se onsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a. 13Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis. 14Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di: 15Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. 16Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li. 17Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. 18Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri. 19Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a? 20Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. 21Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti. 22Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm. 23Yo pral touye m', men sou twa jou, m'ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil. 24Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan? 25Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje? 26Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan. 27Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.
Did you know?
The Transfiguration and the Return to Galilee
- Jesus took Peter, James, and John alone up a high mountain, where he was transfigured before them. Easton's Bible Dictionary identifies James as a son of Zebedee, an elder brother of the apostle John, and a fisherman in partnership with Peter, and notes that the three were present at the transfiguration. Peter, also called Simon, had been brought up by the Sea of Galilee and trained as a fisher.Sources: the Bible text itself · James (Son of Zebedee) · Simon Peter
- Moses and Elijah appeared and talked with Jesus. Easton's Bible Dictionary identifies Elijah as 'the Tishbite,' the 'Elias' of the New Testament, the figure the disciples asked about when they questioned the scribes' saying that Elijah must come first. The disciples understood Jesus' reply—that Elijah had already come and had not been recognized—to refer to John the Baptist, whose mission the dictionary connects with prophecy, including Malachi 3:1.Sources: the Bible text itself · Elijah · John the Baptist
- In Galilee, Jesus said the Son of Man was about to be delivered into the hands of men, killed, and raised to life on the third day. Easton's Bible Dictionary notes that the region was called 'Galilee of the Gentiles,' and that Capernaum—'Nahum's town'—became Jesus' 'own city' after his expulsion from Nazareth; there, collectors of the two-drachma tax asked Peter whether his teacher paid it.Sources: the Bible text itself · Galilee · Capernaum
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 22
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org