Malachi 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a. 2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. 3La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la. 4Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Seyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman. 5Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif. 6Mwen se Seyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt. 7Depi sou tan zansèt nou yo nou pa okipe sa m' te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. N'ap mande m' sa pou nou fè pou nou tounen vin jwenn mwen? 8Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo. 9Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'. 10Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite. 11Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 12Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 13Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa? 14Nou te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Seyè a mande, pou li fè Seyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal? 15Koulye a, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo. 16Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'. 17Seyè a di konsa: Y'ap yon pèp apa pou mwen. Jou m'a deside pou m' aji a, se moun pa m' nèt y'ap ye. m'a gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l' k'ap sèvi l'. 18Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l'.

Did you know?
The Messenger of the Covenant and the Refiner's Fire
- The prophecy describes the coming messenger of the covenant acting like a refiner's fire and launderer's soap to purify the descendants of Levi, the third son of Jacob whose lineage served as priests. This purification was intended to restore righteous offerings from Judah and Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Levi (patriarch) · Jerusalem
- The chapter addresses the withholding of tithes and offerings as robbing God. The people are challenged to bring the full tithe into the temple storehouse, with the promise that heaven's windows would open and the devourer would be rebuked from ruining their fields and vines.Sources: the Bible text itself
- When skeptics complained that keeping God's requirements yielded no profit while wrongdoers prospered, those who feared the Lord gathered to speak with one another. In response, a scroll of remembrance was written before Him to honor those who revere His name.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 4
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org