Nations Bible

Luke 4

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a. 2Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. 3Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou l' tounen pen. 4Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman. 5Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè. 6Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. 7Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou. 8Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. 9Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. 10Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. 11Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch. 12Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. 13Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lòt okasyon. 14Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a; li tounen, li ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. 15Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj li. 16Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo. 17Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri: 18Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo, 19pou m' fè yo konenn lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. 20Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. 21Lè sa a li kòmanse di yo: Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre. 22Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozèf la sa? 23Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovèb sa a sou mwen: Dòktè, geri tèt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fè lavil Kapènawòm; fè yo isit la tou, nan peyi pa ou la. 24Epi li di yo ankò: Men, sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofèt byen nan pwòp peyi li. 25Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pa t' tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la. 26Men, Bondye pa t' voye Eli lakay yo yonn menm; se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li. 27Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pa t' jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri. 28Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo. 29Yo leve, yo trennen l' andeyò lavil la; yo mennen l' sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falèz la. 30Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li. 31Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 32Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a. 33Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: 34Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. 35Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. 36Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale. 37Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a. 38Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li. 39Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo. 40Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo. 41Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye. 42Kou l' fè jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo. 43Men li di yo: Fòk m' anonse bon nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen. 44Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg Jide yo.

Did you know?

Temptation and the Beginning of Jesus' Ministry

  • In the synagogue of Nazareth, his hometown, Jesus was handed the scroll of the prophet Isaiah. After unrolling it and reading the passage about preaching good news to the poor and proclaiming freedom to captives, he rolled it back up, returned it to the attendant, and sat down to teach.Sources: the Bible text itself · Isaiah · Nazareth
  • To explain the lack of faith among his hometown listeners, Jesus cited how Elijah was sent to provide for a widow in Zarephath of Sidon rather than widows in Israel, and how Elisha cleansed Naaman the Syrian rather than Israelite lepers.Sources: the Bible text itself · Elijah · Elisha · Naaman
  • Following his rejection and near execution on the brow of the hill at Nazareth, Jesus relocated his activity to Capernaum in Galilee, where he taught with authority on the Sabbath, exorcised demons, and healed Simon's mother-in-law of a severe fever.Sources: the Bible text itself · Capernaum · Galilee

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 9
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verses 14, 31
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verses 16, 34
  • Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 26
  • Zarephath · Today: Sarepta · 33.464, 35.295 · verse 26
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 44

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.