Luke 24
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. 2Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a. 3Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi. 4Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. 5Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? 6(Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a: 7Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò. 8Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. 9Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo. 10Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la. 11Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo. 12Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a. 13Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. 14De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. 15Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. 16Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. 17Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. 18Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a? 19Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. 20Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa. 21Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. 22Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. 23Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. 24Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li. 25Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! 26Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li? 27Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. 28Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. 29Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo. 30Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li. 31Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. 32Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo? 33Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. 34Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li. 35Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an. 36Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout. 37Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan. 38Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou? 39Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an. 40Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo. 41Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje? 42Yo ofri l' yon moso pwason boukannen. 43Li pran l', li manje l' devan je yo. 44Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. 45Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. 46Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò. 47Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. 48Nou temwen tout bagay sa yo. 49Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou. 50Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo. 51Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. 52Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. 53Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.

Did you know?
Resurrection morning and the road to Emmaus
- Luke describes Emmaus as a village about seven miles from Jerusalem. Easton's Bible Dictionary (1897) quotes that distance as three-score furlongs and records two identifications: el-Kubeibeh, over seven miles northwest of Jerusalem, whose name, 'little dome,' comes from the remains of a Crusaders' church still found there, and Khurbet Khamasa, 'the ruins of Khamasa,' about eight miles southwest, where Crusader ruins are also found.Sources: Emmaus · the Bible text itself
- Mary Magdalene, Joanna, Mary the mother of James, and other women with them were the ones who told the apostles what had happened at the tomb. Mary Magdalene takes her name from Magdala, her birthplace, and Easton's Bible Dictionary (1897) calls it a mistake to identify her with the woman called 'a sinner' in Luke 7. Joanna, the wife of Chuza, steward of Herod Antipas, tetrarch of Galilee, was one of the women who ministered to Jesus, and the same dictionary says he appeared to her after the resurrection.Sources: Mary Magdalene · Joanna · the Bible text itself
- One of the two disciples on the road is named Cleopas, a shortened form of Cleopatros. Easton's Bible Dictionary (1897) says that nothing definite is known about him, and that it is not certain he was the Clopas of John 19:25 or the Alphaeus of Matthew 10:3, although he may have been.Sources: Cleophas · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 13, 18, 33, 47, 49, 52
- Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 19
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org