Luke 21
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. 2Li wè yon pòv vèv tou ki t'ap mete de ti kòb kwiv. 3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. 4Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv. 5Te gen kèk moun ki t'ap pale sou tanp lan; yo t'ap di jan li te byen dekore avèk bèl wòch li yo ansanm ak tout bèl bagay moun te ofri bay Bondye. Lè sa a, Jezi di: 6Nou wè tout bagay sa yo, yon jou, p'ap gen de wòch k'ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè. 7Yo mande li: Mèt, kilè sa va rive? Kisa ki va fè nou konnen lè tout bagay sa yo prèt pou rive? 8Jezi di yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, plizyè moun va vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la, ou ankò jou a rive! Pa koute yo. 9Lè n'a pran nouvèl lagè ak revolisyon k'ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p'ap ankò lafen an sa. 10Li di yo ankò: Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp; yon peyi va atake yon lòt peyi. 11Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la. 12Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. 13Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. 14Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. 15Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. 16Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. 17Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. 18Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi. 19Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou. 20Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l' nèt. 21Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn; moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil. 22Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive. 23Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a. 24Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout. 25Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. 26Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble. 27Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. 28Lè bagay sa yo va kòmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou. 29Epi Jezi di yo yon parabòl: Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo. 30Lè nou wè yo kòmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou. 31Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre. 32Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive. 33Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. 34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè. 35Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. 36Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a. 37Tout lajounen Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn soti al pase nwit sou mòn Oliv la. 38Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l' t'ap di.

Did you know?
Jerusalem, the temple, and the days ahead
- A geographical note says that the name Jerusalem is dual in the original and means “possession of peace” or “foundation of peace.” It adds that this form probably refers to the two mountains on which the city was built, Zion and Moriah, or, as some suppose, to the upper and lower city, and it calls Jerusalem a mountain city enthroned on a mountain stronghold. In this chapter Jesus says that city will be surrounded by armies, left desolate, and trodden down by the Gentiles.Sources: Jerusalem · the Bible text itself
- Jesus tells those who are in Judea to flee to the mountains when they see Jerusalem surrounded by armies. A geographical note explains that, under the Romans in the time of Christ, Judea meant the southernmost of the three divisions of Palestine, distinguished from Galilee and Samaria, though the name was sometimes used for Palestine in general. As a province it included the territories of the tribes of Judah, Benjamin, Dan, Simeon, and part of Ephraim, and it formed part of Syria.Sources: Judea · the Bible text itself
- The chapter opens not with armies but with a poor widow who puts two small copper coins into the temple treasury. Jesus says she has given more than the rich, who contributed from their surplus, because she put in all she had to live on. The disciples then remark on the beautiful stones and consecrated gifts of the temple, and he answers that not one stone will be left on another.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 20, 21, 24
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 21
- Mount of Olives · 31.778, 35.246 · verse 37
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org