Nations Bible

Luke 17

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive. 2Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' epi yo voye l' jete nan lanmè; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l' ta lakòz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. 3Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li. 4Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li. 5Apòt yo di Jezi: Fè nou gen plis konfyans non. 6Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou. 7Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l' osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la soti nan jaden, èske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje. 8Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m' pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m' fin manje, ou menm wa manje, wa bwè. 9Li pa gen mèsi pou l' di domestik la paske domestik la fè sa l' te mande l' fè a, pa vre. 10Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n' di: Se domestik nou ye, nou fè sa n' te dwe fè. 11Pandan Jezi te nan chemen pou li al Jerizalèm, li t'ap pase sou fwontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile. 12Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l', 13yo pale byen fò, yo di l' konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. 14Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri. 15Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande. 16Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. 17Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? 18Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l' vin fè lwanj Bondye? 19Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. 20Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li. 21Men, yo p'ap di: Men l' bò isit, osinon: Men l' bò laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou. 22Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa. 23Y'a di nou: Gade, men l' bò isit, osinon: Gade, men l' bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo. 24Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l' va rive. 25Men, anvan sa, li gen pou l' soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li. 26Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. 27Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. 28Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. 29Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri. 30Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt. 31Jou sa a, moun ki va sou tèt kay p'ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafè li. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay ankò. 32Chonje istwa madanm Lòt la. 33Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li. 34M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 35Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 36Va gen dezòm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 37Disip yo pran lapawòl, yo mande l' konsa: Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Ten lepers and the day of the Son of Man

  • Luke says that, on the way to Jerusalem, Jesus was passing between Samaria and Galilee when ten lepers met him as he entered a village. Easton's Bible Dictionary (1897) traces the name Samaria to Shomeron, a hill in the mountains of Israel that King Omri bought from Shemer and where he built his capital, and explains Galilee, meaning “circuit,” as a land long occupied by its original inhabitants and so called “Galilee of the Gentiles.” Of the ten who were healed, only a Samaritan returned, and Jesus called him a foreigner.Sources: the Bible text itself · Samaria · Galilee
  • Jesus says that the day of the Son of Man will be like the days of Noah, when people were eating and drinking, marrying and being given in marriage, until Noah entered the ark and the flood destroyed them all. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Noah as “rest” and identifies him as the son of Lamech and the father of Shem, Ham, and Japheth.Sources: the Bible text itself · Noah
  • Jesus also recalls the days of Lot, when people were eating and drinking, buying and selling, planting and building, until the day Lot left Sodom and fire and sulfur rained down from heaven. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Sodom as “burning” or “the walled” and places the city in the vale of Siddim, where it says fire from heaven destroyed it. In the same warning, Jesus tells anyone on a housetop or in a field not to turn back for possessions, and adds, “Remember Lot's wife!”Sources: the Bible text itself · Sodom

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Galilee · 32.760, 35.527 · verse 11
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 11
  • Samaria · Today: Samaria 2 · 32.276, 35.195 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.