Nations Bible

Luke 15

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Tout pèseptè kontribisyon yo ak moun k'ap fè sa ki mal yo t'ap pwoche bò kot Jezi pou tande sa l' t'ap di. 2Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo. 3Lè sa a, Jezi di yo parabòl sa a: 4Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l' pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li. 5Lè l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepòl li ak kè kontan. 6Lè l' tounen lakay li avè l', l'ap rele tout zanmi l' ak tout vwazen l' yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m', mwen jwenn mouton m' ki te pèdi a. 7Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye. 8Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li? 9Lè l' jwenn li, l'ap rele zanmi l' ak vwazen li yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m'; mwen jwenn pyès lajan m' ki te pèdi a. 10Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye. 11Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. 12Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de. 13Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'. 14Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. 15li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon. 16Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li. 17Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. 18M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. 19Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avè ou yo. 20Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li. 21Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. 22Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. 23Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje. 24Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt. 25Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap soti nan jaden, lè l' rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo. 26Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen? 27Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn msye an sante. 28Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l' pou l' antre. 29Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo. 30Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t'ap angrese a. 31Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m'; tout sa m' genyen se pou ou. 32Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t' ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Lost and Found

  • Tax collectors and sinners were gathering around to listen to Jesus, and the Pharisees and scribes began to grumble that he welcomes sinners and eats with them. Jesus then told them parables about a lost sheep, a lost silver coin, and a lost son.Sources: the Bible text itself
  • Teaching and healing in Perea to Jerusalem is recorded as starting in AD 30 with a duration of one day.Sources: Teaching and Healing in Perea to Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.