Leviticus 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. 3Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la. 4Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. 5Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a. 6Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal. 7Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè. 8Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.

Did you know?
Purification after Childbirth
- Leviticus specifies distinct periods of ceremonial purification following childbirth: forty days total for a male child (seven days plus thirty-three days) and eighty days total for a female child (fourteen days plus sixty-six days). During this time, the mother was prohibited from touching sacred objects or entering the sanctuary.Sources: the Bible text itself
- At the conclusion of the purification period, the mother was instructed to bring a burnt offering and a sin offering to the priest at the Tent of Meeting. If she could not afford a lamb, the law explicitly allowed an alternative offering of two turtledoves or two young pigeons.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org