Leviticus 10
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyè a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyè a te bay lòd fè. 2Seyè a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyè a. 3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen. 4Moyiz rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo: -Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Seyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an. 5Se konsa yo vini, yo pran kò yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lòt bò limit kan an, jan Moyiz te di a. 6Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a. 7Nou menm, rete nan tant Randevou a. Pa mete pwent pye nou deyò. Si nou fè sa n'a mouri, paske avèk lwil yo te vide sou tèt nou an, yo mete nou apa pou Seyè a. Yo fè jan Moyiz te di a. 8Seyè a pale ak Arawon, li di l' konsa: 9-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo. 10Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye. 11Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou. 12Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a. 13N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m' lòd fè. 14Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti. 15Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y'ap ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Seyè a te bay lòd la. 16Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa: 17-Poukisa nou pa t' manje ofrann yo te fè pou peche a nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nèt pou Seyè a. Seyè a ban nou l' pou nou manje, pou li ka wete peche pèp la, pou peye pou peche yo fè. 18Tande byen. Nou wè yo pa t' pote san an anndan kay Bondye a. Se pou nou te manje vyann lan nan kay ki apa pou Bondye a, jan Bondye te ban mwen lòd fè l' la. 19Arawon reponn Moyiz: -Ou wè sa ki rive m' jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyè a, mwen t'ap mande m' si m' te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Seyè a plezi? 20Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l' kontan.
Did you know?
Unauthorized Fire and Priestly Conduct
- Nadab and Abihu, the eldest sons of Aaron, offered unauthorized fire contrary to God's command and died before the sanctuary. Moses then summoned their cousins Mishael and Elzaphan, the sons of Aaron's uncle Uzziel, to carry the bodies outside the camp while still dressed in their priestly tunics.Sources: the Bible text itself · Nadab · Abihu · Uzziel
- Moses commanded Aaron and his surviving sons, Eleazar and Ithamar, not to tear their garments, dishevel their hair, or leave the entrance of the Tent of Meeting to mourn, because the Lord's anointing oil was upon them.Sources: the Bible text itself · Eleazar · Ithamar
- God directly commanded Aaron that priests must refrain from drinking wine or fermented drink when entering the Tent of Meeting. This restriction ensured they remained clear-minded to distinguish between the sacred and the common, and between the clean and the unclean.Sources: the Bible text itself · Aaron
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org