Nations Bible

Lamentations 4

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari! 2Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men. 3Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo. 4Lang ti bebe yo kole nan fon bouch yo sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap rele mande manje. Pa gen pesonn pou ba yo anyen! 5Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra. 6Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li. 7Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo! 8Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po. 9Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje. 10Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou. 11Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l' ratè. 12Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t' vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm! 13Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal. 14Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pesonn pa gen dwa manyen rad yo. 15Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m'! Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo. 16Seyè a pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa. Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo. 17Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou. 18Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen. 19Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a. 20Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon! 21Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari. 22Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Agony of the Fallen City

  • The poet considers Jerusalem's prolonged suffering worse than the fate of Sodom. While Sodom was overthrown in an instant by divine fire, the inhabitants of Jerusalem endured the agonizing and drawn-out torment of siege and starvation.Sources: the Bible text itself · Sodom
  • Before its capture, Jerusalem was widely regarded as an impenetrable mountain city. The text observes that foreign kings and surrounding nations never believed an enemy could breach its fortified gates.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
  • The chapter closes with an address to Edom dwelling in the land of Uz, warning that judgment will soon overtake her. Uz is mentioned in only three biblical books: Job, Jeremiah, and Lamentations.Sources: the Bible text itself · Uz · Edom

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 11, 22
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 12
  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 21, 22

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.