Nations Bible

Joshua 21

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la. 2Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje. 3Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyè a te bay lòd la. 4Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye. 5Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa. 6Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa. 7Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa. 8Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 9Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo. 10Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo. 11Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo. 12Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'. 13Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo, 14lavil Jati, lavil Echtemoa, 15lavil Olòn, lavil Debi, 16lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo. 17Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo, 18lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil. 19Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo. 20Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo. 21Yo te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè, 22lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo. 23Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton, 24lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. 25Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo. 26Antou yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo. 27Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo. 28Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera, 29lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo. 30Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon, 31lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo. 32Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo. 33Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo. 34Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata, 35lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo. 36Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa, 37lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo. 38Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim, 39lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo. 40Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa. 41Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo. 42Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo. 43Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'. 44Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo. 45Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Cities of the Levites

  • Unlike the other tribes of Israel, the tribe of Levi did not receive a continuous regional territory. Instead, they were allotted forty-eight individual cities along with their surrounding pasturelands, distributed among the lands of all the other tribes.Sources: the Bible text itself
  • The allocation of these cities occurred at Shiloh in Canaan, where the heads of the Levitical families presented their petition to the priest Eleazar, Joshua, and the tribal leaders according to the commands previously given through Moses.Sources: the Bible text itself · Shiloh · Canaan
  • Several prominent Levitical cities also served as designated cities of refuge for individuals seeking protection after accidental killings, including Hebron in Judah, Shechem in Ephraim, and Golan in Bashan.Sources: the Bible text itself · Hebron · Bashan

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Canaan · 32.767, 35.333 · verse 2
  • Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verse 2
  • Bashan · 32.781, 35.935 · verses 6, 27
  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 11, 13
  • Jattir · Today: Khirbet Attir · 31.352, 35.016 · verse 14
  • Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 17
  • Gezer · Today: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · verse 21
  • Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 21
  • Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 22
  • Taanach · Today: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · verse 25
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verse 32
  • Jokneam · Today: Tel Yokneam · 32.664, 35.108 · verse 34
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 38
  • Ramoth · Today: Tall er Rumeith · 32.500, 36.015 · verse 38

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.