Nations Bible

Joshua 15

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid. 2Fwontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a, 3li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l' pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka, 4li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fwontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo. 5Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fwontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fwontyè nò a te konmanse. 6Li moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt araba, li rive jouk Wòch Boan. Boan, se non yonn nan pitit gason Woubenn yo. 7Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l' al bout sou Anwogèl. 8Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo. 9Li soti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou). 10Li soti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bètchemèch, li travèse Timna, 11li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l' al bout nan lanmè. 12Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a. 13Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon). 14Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi, 15Apre sa, li kite Ebwon, l' al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè). 16Lè sa a, Kalèb di konsa: -Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm. 17Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm. 18Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l'. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sa ki genyen, pitit mwen? 19Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo. 20Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi. 21Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou, 22Kina, Dimona, Adada, 23Kedèch, Azò-Yitnan, 24Zif, Telèm, Bejalòt, 25Azò adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou), 26Aman, Chema, Molada, 27Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt, 28Aza-Chwal, Bècheba, Biziotya, 29Bala, Iyim, Azèm, 30Eltola, Kesil, Oma, 31Ziklag, Madmana, Sansana, 32Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 33Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna, 34Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan, 35Jamout, Adoulam, Soko, Azeka, 36Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 37Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad, 38Dilean, Am Mizpe, Jokteyèl, 39Lakis, Boska, Eglon, 40Kabon, Lamas, Kitlis, 41Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 42Te gen tou Libna, Etè, Akan, 43Jifta, Akna, Nezib, 44Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo 45Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li. 46Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo, 47Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la. 48Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko, 49Dana, Kiriyat-Sefè (Koulye a li rele Debi), 50Anad, Estemoa, Anim, 51Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 52Te gen tou Arab, Douma, Echean, 53Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka, 54Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 55Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta, 56Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa, 57Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 58Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò, 59Maarat, Bèt anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 60Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 61Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt araba, Miden, Sekaka, 62Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 63Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Allotment of Judah and Caleb's Inheritance

  • In accordance with the command given to Joshua, Caleb received Kiriath-arba (Hebron), named after Arba the forefather of Anak. From there, Caleb drove out the three descendants of Anak: Sheshai, Ahiman, and Talmai.Sources: the Bible text itself · Caleb · Anak
  • When Othniel captured Kiriath-sepher (Debir), he won Caleb's daughter Achsah as his wife. Recognizing the arid nature of her land in the Negev, Achsah asked her father for water sources and was granted both the upper and lower springs.Sources: the Bible text itself · Achsah · Caleb
  • The territory allotted to the tribe of Judah spanned widely from the Dead Sea to the Mediterranean coastline, reaching south toward Edom and the Brook of Egypt. Despite this vast allotment of towns and villages, the people of Judah were unable to dislodge the Jebusites inhabiting Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Jerusalem · Edom · Salt Sea

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 1, 21
  • Negeb · 31.245, 34.841 · verses 1, 19, 21
  • Zin · Today: Zin Desert · 30.971, 35.325 · verse 1
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verses 2, 5
  • Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verses 4, 11, 12, 47
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 5
  • Adummim · 31.817, 35.362 · verse 7
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 8, 63
  • Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 8
  • Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 8
  • Baalah · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verses 9, 10
  • Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verses 9, 60
  • Mount Jearim · Today: within 1 km of Kesla · 31.781, 35.051 · verse 10
  • Ekron · Today: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · verses 11, 45, 46
  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 13, 14, 54
  • Gulloth-mayim · Today: within 5 km of Khirbet Rabud · 31.432, 35.015 · verse 19
  • Lower Gulloth · Today: within 5 km of Khirbet Rabud · 31.432, 35.015 · verse 19
  • Upper Gulloth · Today: within 5 km of Khirbet Rabud · 31.432, 35.015 · verse 19
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · verse 33
  • Jarmuth · Today: Tel Yarmuth · 31.708, 34.975 · verse 35
  • Socoh · Today: Tel Socho · 31.682, 34.975 · verse 35
  • Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 39
  • Mareshah · Today: Tel Maresha · 31.593, 34.898 · verse 44
  • Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verses 46, 47
  • Gaza · Today: Tell Harube · 31.504, 34.464 · verse 47
  • Jattir · Today: Khirbet Attir · 31.352, 35.016 · verse 48
  • Maon · Today: Tel Main · 31.409, 35.134 · verse 55
  • Engedi · Today: Ein Gedi · 31.450, 35.383 · verse 62

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.