Nations Bible

Job 41

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd? 2Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen? 3Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou? 4Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan? 5Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'? 6Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann? 7Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn? 8Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou! 9Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè. 10Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'. 11Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa. 12Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'. 13Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li. 14Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri. 15Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch. 16Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase. 17Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo. 18Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve. 19Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'. 20Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife. 21Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li. 22Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase. 23Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch. 24Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen. 25Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè. 26Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen. 27Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi. 28Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li. 29Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li. 30Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden. 31Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè. 32Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen. 33Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen. 34Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Leviathan and the Limits of Human Power

  • The passage lists ancient fishing and hunting tools, such as fishhooks, ropes, cords, harpoons, and fishing spears. The text uses these conventional methods to illustrate that humans cannot capture, tame, or commercialize Leviathan as they would other animals.Sources: the Bible text itself
  • The description details a wide array of ancient weaponry, including swords, spears, darts, arrows, slingstones, clubs, and lances. It portrays Leviathan as utterly impervious to them, treating iron as straw and bronze as rotten wood.Sources: the Bible text itself
  • Leviathan is characterized as fearless, churning the deep sea like a boiling pot and reigning as king over all proud creatures. The rhetoric challenges Job with the idea that if no human can withstand such a beast, none can contend with the Creator who made it.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.