Nations Bible

Job 39

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba? 2Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt? 3Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a? 4Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen. 5Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann? 6Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a. 7Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay. 8Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo. 9Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou? 10Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo? 11Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou? 12Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi? 13Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy. 14Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale. 15Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye. 16Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi, 17Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm. 18Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'. 19Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo? 20Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè? 21Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè. 22Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak. 23Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè. 24Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas. 25Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò. 26Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid? 27Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo? 28Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'. 29Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li. 30Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

God’s Care and Design in the Animal Kingdom

  • The divine speech challenges Job regarding the untamable nature of wild animals such as the wild donkey and the wild ox. Unlike domesticated livestock used for farming and threshing, these creatures dwell freely in the wilderness and salt flats, completely independent of human authority and labor.Sources: the Bible text itself
  • The text highlights the ostrich’s peculiar nesting habits, describing how it leaves its eggs in the sand without the protective care seen in other birds, yet outruns horses when fleeing across open ground.Sources: the Bible text itself
  • The vivid portrait of the warhorse describes its fearlessness, strength, and eagerness in the face of weapons and battle horns, emphasizing that its courage and nature are bestowed by God rather than human mastery.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.