Job 26
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa: 2-Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs! 3Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou! 4Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou? 5Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a. 6Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'. 7Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'. 8Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo. 9Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj. 10Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa. 11Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè. 12Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la. 13Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a. 14Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
Did you know?
Job's Reflection on God's Majesty
- Job opens his reply with sharp irony, asking his companion how his speeches have helped someone who is powerless and feeble, and questioning whose spirit actually inspired such counsel.Sources: the Bible text itself
- In his poetic description of the cosmos, Job portrays God's authority extending everywhere: Sheol and the realm of Abaddon are laid bare before Him, while God suspends the earth upon nothing and sets the horizon at the boundary of light and darkness.Sources: the Bible text itself
- Job references God subduing chaotic waters, shattering Rahab, and piercing the fleeing serpent, yet concludes that these immense wonders are merely the outer fringes of God's ways and a faint whisper of His true power.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zaphon · Today: Jebel Aqra · 35.953, 35.969 · verse 7
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org