Job 23
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: 2-Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'. 3Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a. 4M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen. 5M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. 6Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. 7Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan. 8M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou. 9Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi! 10Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife. 11M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch. 12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen. 13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a? 14L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo. 15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'. 16Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a. 17Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!

Did you know?
Job's Longing for a Hearing
- Job uses the language of a legal dispute, longing to find God's seat to present his case and fill his mouth with arguments. He expresses confidence that an upright person would be heard and vindicated before God as Judge.Sources: the Bible text itself
- In his search for God, Job scans all four cardinal directions—east, west, north, and south. He laments that although God is actively at work around him, His presence remains completely hidden from human sight.Sources: the Bible text itself
- Despite deep fear before God's absolute sovereignty and decrees, Job maintains his integrity. He asserts that he has treasured God's words more than his daily bread and trusts that when tested, he will emerge like refined gold.Sources: the Bible text itself · Job
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org