Nations Bible

Job 21

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: 2-Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a! 3Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou! 4Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò! 5Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch. 6Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble. 7Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen? 8Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo. 9Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje. 10Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte. 11Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit. 12Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo. 13Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze. 14Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la. 15Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'? 16Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non. 17Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo, 18pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi? 19Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson? 20Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous. 21Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la? 22Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè? 23Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje. 24Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl. 25Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè. 26Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan. 27Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a. 28N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la. 29Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay? 30Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo! 31Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a? 32Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo. 33Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo. 34Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Prosperity of the Wicked

  • Job challenges his friends' belief that the wicked always suffer in this life. He points out that many ungodly people grow old, increase in power, see their children flourish to the sound of lyres and flutes, and die in peaceful ease.Sources: the Bible text itself
  • Confronting the idea that God reserves punishment for a person's children, Job argues that true accountability requires wrongdoers to experience retribution personally and taste the wrath of the Almighty during their own lives.Sources: the Bible text itself
  • Job urges his companions to ask road travelers about common observations. He notes that whether an individual lives in vigorous prosperity or dies in bitter poverty, both ultimately share the same earthly end when they lie down together in the dust.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.