Job 18
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: 2-Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou! 3Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo? 4Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi? 5Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò. 6Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen. 7Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'. 8Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'. 9Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere. 10Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li. 11Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'. 12Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li. 13Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'. 14Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò. 15Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf. 16Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen. 17p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a. 18Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo. 19Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'. 20Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini. 21Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.

Did you know?
Bildad's Second Speech on the Fate of the Wicked
- Bildad is identified as a Shuhite, a designation traditionally linked to Shuah, a region in Arabia associated with the descendants of Abraham and Keturah. In this second speech to Job, Bildad maintains a stern and severe tone as he rebukes Job and insists on the certain doom of the ungodly.Sources: Bildad · the Bible text itself
- To describe the destruction awaiting the wicked, Bildad draws heavily on ancient hunting imagery. He depicts their downfall through metaphors of hidden nooses, concealed ground snares, and sweeping nets that trap the wanderer.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org