John 14
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. 2Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa. 3Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. 4Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a. 5Toma di li: Seyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n' pran an? 6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. 7Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou. 8Filip di l' konsa: Seyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen. 9Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a? 10Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. 11Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a. 12Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. 13Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. 14(Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.) 15Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo. 16M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a. 17Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou. 18Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. 19Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. 20Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. 21Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen. 22Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? 23Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li. 24Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti. 25Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou. 26Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou. 27M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. 28Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. 29Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. 30Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen. 31Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la.

Did you know?
Jesus, the Way to the Father
- Thomas, one of the twelve, tells Jesus that the disciples do not know where he is going, so they cannot know the way. He was also called Didymus, the Greek equivalent of his Hebrew name, which means "twin." Easton's Bible Dictionary (1897) notes that what is known of him is recorded in the fourth Gospel, including this exchange.Sources: the Bible text itself · Thomas
- Philip, also one of the twelve and a native of Bethsaida, the city of Andrew and Peter, asks Jesus to show them the Father. Jesus replies that he has been with them all this time and that anyone who has seen him has seen the Father. Easton's Bible Dictionary (1897) cites this exchange among the passages suggesting that Philip held a prominent place among the apostles.Sources: the Bible text itself · Phillip the Apostle
- The disciple who asks why Jesus will reveal himself to the disciples and not to the world is called Judas, not Iscariot, to distinguish him from Judas Iscariot, son of Simon, a man of Kerioth, who betrayed Jesus. Easton's Bible Dictionary (1897) says John is probably referring to the same apostle called Lebbaeus in Matthew, Thaddaeus in Mark, and Judas the brother of James in Luke, and it identifies him as Jude, the author of the epistle.Sources: the Bible text itself · Lebbaeus Thaddaeus · Judas Iscariot
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org