John 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Sis jou anvan fèt Delivrans jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te fè leve soti vivan nan lanmò a. 2Antan l' te la, yo ofri l' manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. 3Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. 4Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa: 5Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. 6Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. 7Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a. 8Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan. 9Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y' ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve soti vivan nan lanmò a. 10Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou, 11paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi. 12Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. 13Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la. 14Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: 15Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik. 16Disip yo pa t' konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li. 17Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l' te rele Laza pou l' te fè l' soti nan kavo a, lè l' te fè l' leve soti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. 18Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. 19Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li! 20Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la. 21Y' al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l' konsa: Msye, nou ta renmen wè Jezi. 22Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa. 23Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a. 24Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn. 25Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an. 26Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen. 27Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a. 28Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò. 29Foul moun ki te la yo tande vwa a. Yo t'ap di: Se yon kout loraj! Gen lòt ki t'ap di: Se yon zanj Bondye ki pale avèk li. 30Men, Jezi di yo: Se pa pou mwen non vwa a pale, se pou nou menm pou nou ka tande. 31Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò. 32Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen. 33(Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.) 34Foul moun yo reponn li: Nan Liv lalwa nou an, nou wè Kris la gen pou l' viv pou tout tan. Ki jan ou ka di se pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a anlè? Kilès ki Moun Bondye voye nan lachè a? 35Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale. 36Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l' lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l', li al kache byen lwen. 37Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li. 38Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a? 39Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: 40Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo. 41Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li. 42Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la. 43Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye. 44Jezi pale byen fò, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m' lan tou. 45Moun ki wè m', li wè moun ki voye m' lan tou. 46Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa. 47Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l' pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo. 48Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive. 49Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale. 50Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l' yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sak fè sa m'ap di a, m'ap di l' jan Papa m' te ban m' lòd la.

Did you know?
The Anointing at Bethany and the Entry into Jerusalem
- Bethany, where Jesus arrived six days before the Passover, lay about two miles east of Jerusalem on the southeastern slope of the Mount of Olives, along the road to Jericho, and took its name from the palm trees that grew there. It was the home of Lazarus, whom Jesus had raised from the dead after four days in the tomb, and of his sisters Martha and Mary; the chief priests planned to kill Lazarus as well, because on his account many people were believing in Jesus.Sources: the Bible text itself · Bethany · Lazarus
- At a dinner where Martha served and Lazarus reclined at the table, Mary anointed Jesus' feet with about a pint of expensive perfume made of pure nard and wiped them with her hair, so the house was filled with the fragrance. Judas Iscariot, son of Simon, whose surname means a man of Kerioth, asked why it was not sold for three hundred denarii for the poor; he was a thief who, as keeper of the money bag, used to take from what was put into it, and he was going to betray Jesus.Sources: the Bible text itself · Judas Iscariot · Simon
- The next day the great crowd that had come for the feast took palm branches and went out to meet Jesus as he came to Jerusalem, seated on a young donkey, shouting praise to the King of Israel, as it is written of the Daughter of Zion. Zion was the southeastern hill of Jerusalem, where David built a citadel and a palace after taking it, so that it became the city of David. At first his disciples did not understand these things, but after Jesus was glorified they remembered that they had also been written about him.Sources: the Bible text itself · Zion
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 11, 12, 20
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 15
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 21
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org