Jeremiah 45
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa: 2-Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk. 3Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm! 4Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè! 5Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!
Did you know?
A Message of Comfort for Baruch
- This short chapter is addressed directly to Baruch son of Neriah, who served as the prophet Jeremiah's scribe and wrote down his dictated prophecies during the fourth year of King Jehoiakim of Judah.Sources: the Bible text itself · Baruch
- Overwhelmed by sorrow and exhaustion while recording warnings of widespread judgment, Baruch was told not to seek great things for himself, but received a divine promise that his life would be preserved wherever he went.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org