Nations Bible

Jeremiah 43

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a, 2Azarya, pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa: -Manti! Seyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip. 3Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn. 4Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a. 5Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a, 6fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou. 7Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès. 8Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 9-Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'. 10Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo. 11Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo. 12L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen. 13L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Flight to Egypt and Prophecy at Tahpanhes

  • When Jeremiah warned the survivors to stay in Judah, leaders such as Johanan son of Kareah and Azariah son of Hoshaiah rejected the message, accusing the prophet of lying and claiming that his secretary Baruch was turning him against them. Disobeying the divine instruction, they forced the entire remnant, including Jeremiah and Baruch, to flee to Egypt as far as Tahpanhes.Sources: the Bible text itself · Baruch · Johanan
  • At Tahpanhes, God instructed Jeremiah to bury large stones in the clay of the brick pavement at the entrance of Pharaoh's palace. This prophetic act announced that King Nebuchadnezzar of Babylon would invade Egypt and place his royal throne and pavilion directly over those embedded stones.Sources: the Bible text itself · Tahpanhes

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 2, 7, 10, 11, 12, 13
  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 3, 10
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 3
  • Tahpanhes · Today: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · verses 7, 8, 9
  • Heliopolis · Today: Ain Shams · 30.129, 31.308 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.