Jeremiah 41
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya, 2Izmayèl leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a. 3Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou. 4Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t' ankò gaye. 5Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan. 6Izmayèl kite Mispa, li soti al kontre yo, de ran dlo nan je l'. Lè li rive sou yo li di konsa: -Vini non, ann al kay Gedalya! 7Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l' yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn. 8Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t' touye sa yo ansanm ak lòt yo. 9Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l' la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo. 10Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo. 11Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l' yo vin konnen tout mechanste Izmayèl, pitit Netanya a, te fè. 12Yo pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l'. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an. 13Lè moun Izmayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l' yo, yo te kontan. 14Lè sa a, tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan. 15Izmayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l' yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an. 16Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l' yo pran sou kont yo tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Izmayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l' gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon. 17Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip 18paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.

Did you know?
The Assassination of Gedaliah and Flight from Mizpah
- Ishmael son of Nethaniah was a member of the royal family who opposed Babylonian rule. He came with ten men to Mizpah under the guise of sharing a meal, where he assassinated Gedaliah, the governor appointed by the king of Babylon, along with his Judean and Chaldean associates.Sources: Ishmael · Gedaliah · the Bible text itself
- The cistern where Ishmael dumped the bodies of the murdered pilgrims from Shechem, Shiloh, and Samaria had historical military origins. It had been constructed centuries earlier by King Asa of Judah for defense against King Baasha of Israel.Sources: Asa · Baasha · the Bible text itself
- After Ishmael seized the survivors at Mizpah to take them to Ammon, Johanan son of Kareah intercepted him at the great pool in Gibeon and freed the captives. Fearing Babylonian retaliation for the murder of the governor, Johanan and the remaining Judeans prepared to flee to Egypt.Sources: Johanan · Gibeon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 2, 18
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 5
- Samaria · 32.276, 35.195 · verse 5
- Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 5
- Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verse 5
- Ammon · 31.955, 35.934 · verses 10, 15
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verses 12, 16
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 17
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 17
- Geruth Chimham · Today: within 5 km of Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 17
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 18
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org