Jeremiah 38
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Chefatya, pitit Matan, Gedalya, pitit Pachou, Jeoukal, pitit Chelemya, ak Pachou, pitit Malkya, te vin konnen Jeremi t'ap pale ak pèp la. Li t'ap di yo konsa: 2-Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. 3Wi, men sa Seyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo. 4Chèf yo al di wa a: -Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouraj. Nonm sa a pa soti pou l' ede pèp la. Se mal ase li vle pou li. 5Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen. 6Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a. 7Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an. 8Ebèdmelèk soti nan palè a, li ale bò pòtay la, li di wa a konsa: 9-Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò. 10Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk lòd pou li pran trant lòt moun avè l' pou li wete Jeremi nan sitèn lan anvan l' mouri. 11Se konsa Ebelmelèk pran moun yo avè l', li antre nan palè a, li ale yon kote ki anba pyès depo richès wa a, li pran yon bann moso twal chire ak vye rad, li mare yo nan kòd, li file yo desann bay Jeremi nan sitèn lan. 12Epi li di Jeremi konsa: -Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou. Jeremi fè sa vre. 13Epi yo rale l' moute soti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo. 14Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l' ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Seyè a. Wa a di l' konsa: -Mwen gen yon bagay m' bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m' anyen. 15Jeremi reponn li: -Ala, si mwen pale ou kare, w'ap fè yo touye m'. Si m' ba ou yon konsèy, ou p'ap koute m'. 16Wa Sedesyas rele Jeremi sou kote, li fè l' sèman. Li di l' konsa: -Mwen pran Bondye vivan an, Bondye ki ban nou lavi a, pou temwen, mwen p'ap fè touye ou, ni mwen p'ap lage ou nan men moun ki vle touye ou yo. 17Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou. 18Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo. 19Wa Sedesyas reponn: -Ou konnen sa m' pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m' nan men yo pou yo maltrete m'. 20Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri. 21Si ou derefize al rann tèt ou, men sa ki pral rive ou, dapre sa Seyè a fè m' wè: 22Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l' fè sa yo vle. Koulye a, bra msye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l' pou kont li. 23Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a. 24Sedesyas di Jeremi konsa: -Pa kite pesonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri. 25Si chèf yo rive konnen mwen te pale avè ou, y'ap vin jwenn ou, y'ap mande ou sa ou te di m' ak sa m' te reponn ou. Y'ap pwomèt yo p'ap touye ou si ou pa kache yo anyen. 26Lè sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l' pa voye m' tounen nan prizon lakay Jonatan pou m' pa mouri la. 27Tout chèf yo vini jwenn Jeremi vre. Yo mande l' yon bann pawòl. Jeremi reponn yo jan wa a te di l' la. Pa t' gen anyen chèf yo te ka fè paske pesonn pa t' tande koze Jeremi te gen ak wa a. 28Jeremi rete nan lakou gad palè yo jouk jou yo pran lavil Jerizalèm.

Did you know?
The Cistern and Zedekiah's Secret Counsel
- When Jeremiah urged the defenders of Jerusalem to surrender to the Babylonians rather than perish from sword, famine, and plague, Judean officials accused him of treason and lowered him into a muddy cistern in the court of the guard. An Ethiopian palace official named Ebed-melech intervened with King Zedekiah, securing permission and men to pull the prophet out using ropes padded with worn rags.Sources: the Bible text itself · Ebed-melech · Shephatiah
- King Zedekiah met secretly with Jeremiah at the temple entrance, admitting his fear of both his own aggressive officials and the Judeans who had already defected to the Babylonians. Jeremiah reiterated that surrendering to the Babylonian commanders would preserve the king's life, protect his family, and save Jerusalem from being burned.Sources: the Bible text itself · Zedekiah · Jeremiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Chaldea · 30.962, 46.104 · verses 2, 18, 19, 23
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 3, 28
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 3, 17, 18, 22, 23
- Benjamin Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 7
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org