Nations Bible

Jeremiah 24

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn. 2Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon. 3Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon. 4Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 5-Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo. 6M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò. 7M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo. 8Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip. 9Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo. 10Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Two Baskets of Figs

  • Jeremiah received this vision after King Nebuchadnezzar of Babylon deported King Jeconiah (also called Jehoiachin), along with the officials, craftsmen, and metalsmiths of Jerusalem. Nebuchadnezzar subsequently installed Zedekiah as king over the remaining population in Judah.Sources: the Bible text itself · Jehoiachin · Zedekiah · Nebuchadnezzar
  • In the vision set before the temple, the basket of prime, early-ripening figs symbolizes the exiles carried off to Babylon. The Lord promises to preserve them, give them a heart to know him, and restore them to their land.Sources: the Bible text itself
  • In contrast, the basket of rotten, inedible figs symbolizes King Zedekiah, his leaders, and the remnant staying in Judah or fleeing to Egypt. Instead of finding security, they are warned of disaster, famine, disease, and derision among the nations.Sources: the Bible text itself · Zedekiah · Egypt

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 8
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 5
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 8

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.