Jeremiah 2
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse. 3Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m' yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 4Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesaj Seyè a! 5Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen. 6Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase. 7Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l', nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m' degoutans. 8Prèt yo pa janm mande kote Seyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m' ankò. Chèf yo trayi m'. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo. 9Se konsa, mwen menm Seyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo. 10Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa. 11Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t' bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a. 12Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l' tranble. Se pou l' rete sezi! Se mwen menm Seyè a ki di sa. 13Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo. 14Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa? 15Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo. 16Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo. 17Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an. 18Koulye a, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat? 19Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 20Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye. 21Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M' pa konnen kote ou soti. 22Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa. 23Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch. 24Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li. 25Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo. 26Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo! 27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou! 28Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo! 29Poukisa n'ap plede avè m' konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m'. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa! 30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo. 31(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò! 32Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè. 33Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè. 34Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa, 35w'ap plede di ou pa antò. Seyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Seyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pa t' dwe fè. 36Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri. 37W'a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont. Mwen menm, Seyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p'ap ka fè anyen pou ou.

Did you know?
Israel's Forgotten Devotion
- In Jeremiah 2:10, the prophet contrasts Cyprus (Chittim) in the western Mediterranean with Kedar, representing the nomadic Arab tribes to the east in the Arabian desert. By referencing these opposite geographic horizons, the text emphasizes that not even surrounding pagan nations exchanged their traditional deities.Sources: the Bible text itself · Cyprus · Kedar
- The references to Memphis (Noph) and drinking the waters of the Nile and Euphrates highlight Judah's unstable political reliance on Egypt and Assyria. Jeremiah compares trusting foreign military powers to abandoning a fountain of fresh water in order to dig cracked, leaky cisterns.Sources: the Bible text itself · Memphis · Egypt · Assyria
- The rebuke against running after the 'Baals' uses the plural form for local cults of Baal, the chief male deity of the Phoenicians. The worship of Baal had repeatedly infiltrated Israel and Judah, frequently taking place on high hills and in sacred groves.Sources: the Bible text itself · Baal
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 6, 18, 36, 37
- Cyprus · 35.000, 33.000 · verse 10
- Kedar · 29.811, 39.868 · verse 10
- Memphis · 29.849, 31.253 · verse 16
- Tahpanhes · Today: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · verse 16
- Assyria · 36.359, 43.153 · verses 18, 36
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 18
- Nile · Today: Nile River · 31.465, 30.367 · verse 18
- Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 23
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org