Nations Bible

Judges 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an. 2Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo. 3Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil (022.000) moun al lakay yo. Te rete dimil (010.000). 4Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete. 5Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò. 6Te gen twasan (0300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. 7Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo. 8Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (0300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan. 9Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou. 10Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a. 11W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an. 12Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè. 13Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè. 14Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'. 15Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou. 16Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la. 17Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou. 18N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon! 19Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo. 20Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon! 21Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò. 22Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat. 23Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo. 24Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara. 25Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Gideon's Three Hundred

  • Before the battle, Gideon's force of 32,000 men was drastically reduced to just 300 at the spring of Harod. First, 22,000 fearful men were permitted to return home, and the remaining 10,000 were sifted by how they drank water from the spring, leaving only those who brought water to their mouths with their hands.Sources: the Bible text itself · Harod
  • Gideon used night tactics and psychological shock by dividing his 300 men into three companies armed only with rams' horns, torches, and clay jars. Surrounding the vast camp of Midianites and allied eastern nomads near the hill of Moreh during the night watch, the sudden sound of shattering jars and blowing horns caused the enemy to turn on one another in the dark.Sources: the Bible text itself · Moreh (little Hermon) · East
  • As the Midianites fled toward the Jordan River, the tribe of Ephraim was summoned to cut off their retreat at the river crossings. The Ephraimites captured and executed two Midianite leaders, Oreb (meaning 'raven') and Zeeb (meaning 'wolf').Sources: the Bible text itself · Oreb · Zeeb · Ephraim

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Midian · 28.495, 35.012 · verses 1, 2, 7, 8, 12, 13, 14, 15, 23, 24, 25
  • Amalek · 30.648, 34.422 · verse 12
  • East · Today: region around Amman · 31.955, 35.934 · verse 12
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 24, 25

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.