Nations Bible

Judges 19

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li. 2Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la. 3Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou. 4Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l' rete pase twa jou avè l'. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la. 5Sou katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati. 6Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non! 7Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò. 8Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bòpè a di l' konsa: -Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje. 9Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou. 10Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm. 11Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la. 12Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya. 13Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama. 14Se konsa yo pa rete, y' al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo. 15Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo. 16Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye. 17Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti? 18Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo. 19Nou gen manje ak zèb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen. 20Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la. 21Se konsa li mennen yo lakay li, li bay bèt yo zèb. Mesyedam yo menm lave pye yo, epi yo manje, yo bwè. 22Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'. 23Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a. 24Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche ak yo. Nou mèt fè sa nou vle ak yo. Men, pa vin fè ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan. 25Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lè sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fè l' soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo kouche avè l', yo fè tout kalite bagay avè l' pandan tout nwit lan. Solèy t'apral leve lè yo kite l'. 26Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l' te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve. 27Nan maten, mari a leve, li louvri pòt pou l' soti. Li fè sa pou l' al fè wout li, li wè fanm kay li a blayi atè a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papòt la. 28Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravè sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li. 29Lè l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la. 30Chak moun ki te wè sa di konsa: -Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?

Did you know?

A Traveler in Gibeah

  • The Levite chose not to spend the night in Jebus (Jerusalem) because it was still a foreign Canaanite city, opting instead to travel farther north to Gibeah to stay among fellow Israelites of the tribe of Benjamin.Sources: Jebus · the Bible text itself
  • In the ancient world, travelers without arranged lodging would wait in the open town square for a resident to offer hospitality. In Gibeah, none of the local Benjamites offered shelter until an elderly resident originally from the hill country of Ephraim invited them into his home.Sources: the Bible text itself
  • The narrative opens by noting that there was no king in Israel at that time. The subsequent violence in Gibeah provoked a national crisis that ultimately led to the near-total destruction of the tribe of Benjamin.Sources: Gibeah · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 1, 2, 3, 18
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 10
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 30

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.