Nations Bible

Judges 17

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Te gen yon nonm yo te rele Mika ki te rete nan mòn peyi Efrayim yo. 2Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan (01.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa! 3Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò. 4Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (0200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika. 5Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l' al fè sèvis pou Seyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l' pouvwa pou l' sèvi l' prèt. 6Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito. 7Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo. 8Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l' al chache yon lòt kote pou l' fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo. 9Mika mande l': -Kote ou soti? Nèg la reponn: -Mwen se moun fanmi Levi, m' soti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m' fè ladesant. 10Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje. 11Moun Levi a te dakò pou l' rete lakay Mika ki te sèvi avè l' tankou pwòp pitit gason l'. 12Mika menm bay moun Levi a pouvwa pou l' sèvi l' prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika. 13Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Micah's Domestic Shrine

  • Micah, a man from the hill country of Ephraim, set up a private shrine containing carved and cast silver images, an ephod, and household idols. He initially ordained one of his own sons as his priest before hiring a traveling Levite to manage his shrine.Sources: the Bible text itself · Micah
  • The narrative notes that there was no king in Israel during those days and everyone did what was right in their own eyes. This account serves to illustrate the lawlessness and religious confusion of the period before the monarchy.Sources: the Bible text itself · Micah
  • A wandering Levite from Bethlehem in Judah agreed to serve as Micah's priest in exchange for food, clothing, and an annual wage of ten shekels of silver.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 7, 8, 9

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.